10 Biznis Ou Ka Komanse Lakay Ou

KIsa Microsoft, Dell, Napster e Facebook yo tout gen an komen ? Avan yo te vin 3 nan pi gwo konpayi ki gen nan monn lan jodia, yo tout se te yon seri etidyan nan inivèsite ki te kreye yo.
Se vre, tout moun pap ka Mark Zuckerberg, men komanse yon biznis pandan w’ nan inivèsite se yon bagay fasil. Gen yon pakèt opsyon ak opòtinite ki egziste e ki pa mande pou gen gwo mwayen e ki ka reyalize san w pa oblije gen yon lokal. Espri antreprenè nan lekòl oubyen inivèsite ka pemèt ou fè zanmi ak moun enpotan e tou l’ap pemèt ou komanse rantre lajan pou kouvri kèk depans nan kad etid ou tankou yon seri frè e achte liv yo ki chè anpil.

Men 10 ide biznis, pou ka komanse yon biznis lakay ou:

1. Konseye Enfòmatik (Information Technology (IT) Consulting)
Si w se yon etidyan nan domèn enfomatik , se youn nan domèn si w pa gen eksperyans l ap difisil pou w jwenn travay. Pandan w nan inivèsiti a, konpetans ou ak konesans ou yo konsènan denye teknoloji yo tou frèch nan tèt ou. Pwofite ! Si w pa kwè nan tèt ou, ke w ka fè konnen w kòm Konseye IT nan  antrepriz yo ebyen fe konnen w nan inivèsite a ke w ede moun ki pa trò abil nan enfòmatik, ou fe mentnans e w bay konsèy sou sa.

2. Konseye Rezo Sosyal (Social Media Consulting)
Etidyan nan inivèsite yo toujou opa ak rezo sosyal yo. Itilize konesans ou ak ekperyans ou nan domèn nan pou pale ak konpayi yo, biznis yo sou estrateji yo ka devlope sou rezo sosyal yo pou yo jwenn plis kliyan. Pale yo de bel opòtinite facebook, linkedin ak Google ofri yo pou yo ka jwenn plis kliyan paske jodia moun yo pase plis tan ke jamè sou entenèt patikilyèman reso sosyal yo.

3. Enfografis /Grafis (Graphic Design)
Konseye grafik ou grafis pa mande pou w oblije gen anpil eksperyans, ou bezwen genyen plis KREYATIVITE. Kreye otan de kreyasyon grafik ou kapab mete yo ansanm ak bèl projè w reyalise nan kad lekòl ou nan yon albòm. Enprime kèk bèl kat de vizit ak lot bagay oubyen mete yo sou sit entenèt oubyen yon sit entenèt ki fèt pou sa tankou Graphisteonline.com epi w tou komanse biznis ou.

4. Kreyatè sit wèb (Website design)
Generalman, antanke etidyan wap toujou gen posiblite plis ke lot bagay pou kreye sit wèb. Se petèt  kòm devwa, pou group etidyan, pou klèb, oubyen pou blòg pesonèl ou. Ebyen sit wèb ou kreye yo, ou ka gade yo kòm modèl kap pemèt ou jwenn kèk ti djòb pou kòmanse rantre lajan.

5. Fotografi (Photography)
Siw konn pran bèl foto e w gen konpetans nan Photoshop, panse ak platfòm say o : Pinterest, Instagram, Snapchat and Facebook, jodia moun yo fin abitye nan itilize imaj pou yo kominike. Tèlman gen bezwen an imaj moun yo prè pou yo itilize menm imaj moun ki pa fotograf fè depi yo bèl. Gras a gwo inovasyon teknoloji yo fotograf ki pa profesyonel yo ka kreye bèl imaj pa mwayen lojisyèl yo.

6. Òganizatè evenman (Event planning)
Etidyan ta toujou renmen reyalize yon seri de bèl fèt, pwogram dj elatriye, men organize evenman konn difisil pou yo paske organize jan de evenman sa yo mande kreyativite, kontak, kapasite pou fè plizyè travay ansanm, sans oganizasyon, bay atansyon ak yon seri de detay. Si w gen konpetans sa yo ou ka komanse biznis ou nan inivèsite a, zòn bò lakay ou, nan legliz. Men konnen siw ta gen entansyon elaji biznis la, sa vle di ale pi lwen sa kla mande pou w gen sètifika.

7. Antrenè/Kotch (Personal trainer)
Si te nan klèb e w konn jwe foutbòl, badkèt oubyen yon spò kelkonk, poukisaw pa pwopoze kèk lekòl oubyen responsab inivèsite a pou w antrene seleksyon l lan pou li? Antrenè yo gen yon orè ki fleksib e yo ka travay prèske nenpòt kote, sou plas piblik ki gen kote pou moun fè spò. M pa konnen siw oblije gen papye pou sa, li tap bon pou mande konsèy sou sa avan w komanse. Petèt, sa wap bezwen se prèv ki montrew konn jwe foutbòt oswa spòt ou pratike a, gendwa se meday, twofe, plak donè ke yo baw apre w fin patosipe nan kèk konpetisyon.

8. Sèvis Netwayaj/Achtè (Cleaning services)
Komanse yon biznis netwayaj  pemèt ou travay ak yon orè ki fleksib e sa pa mande pou gen lokal. Materyèl pou fe netwayaj yo ou ka achte yo nan makèt, boutik ak nan men machann. Anpil moun prè pou yo peye yon moun pou vin netwaye pou yo. Anpil ti biznis bezwen sa tou. Donk pwofiti de sa pou kreye biznis paw la pandan w lekòl. Gen anpil granmoun ki lakay yo, ki nan sant retrèt yo, ki konn bezwen achte men ki gen difilkite akoz doulè oubyen andikap fizik, pwopoze yo ke w bay sevis sa an echanj de yon ti monnen yap gen pou baw. Men, fò w pa malonèt, ou dwe respekte tet ou!

9. Makiyè Atis Endepandan  (Freelance makeup artist)
Selon statistik yo fè, nan tout sosyete, tout gwoup, tout lekòl, tout inivèsite kantite fi yo depase lontan kantite gason ki genyen. Sa se yon bèl opòtinite pou komanse yon bèl ti biznis ak medam yo paske medam renmen fè bèbèl, yo renmen makiye, yo renmen bèl ti rad elatriye. Moun ki konn makiye moun yo fè lajan nan kèk okazyon espasyal tankou nan fim, video, teyat ak lot okasyon anko. Kisaw ka fe pou yo konnenw? Koman fè kèk ti titoryèl videyo kote wap makiye kèk moun, lage yo sou rezo sosyal yo. Epi fe moun konnenw bay sèvis sa. Ou ka fè l lakay ou. Pa bliye pil medam kap fe natirel yo, ou ka fe rechèch sou swen cheve natirel epi pwopoze yo w bay swen pou cheve natirel ak bèl stil kwafi.

10. Peyizajis/Amenajè Anvirònman (Landscaping / snow removal)
andscaping se yon gwo biznis sezonyè, yo bèl opòtinite pou w fe lajan. Biznis ou fè nan vakans ak nan sezon ki apwopriye. Tankou le pye bwa ap plede jete fèy, si m pa twompe m se nan sezonprentan, lè sa pwopoze moun ki gen pye bwa yo pou netwaye fèy yo jete yo. Wap bezwen pèl, rato, fouch, gan ak bòt ak bourèt pou fè biznis sa. Ou ka pwopoze sèvis sa nan kanpis inivesite bay responsab yo ansanm ak kek etidyan. Ou pa janm avek letan ou ka vin gen yon gwo biznis tankou Boucard Pest Control, Sanco, Jedco.

Nan atik sa a ou sot dis ide biznis ou kòmanse lakay san w pa bezwen gen gwo lajan.
Menm si w komanse yon biznis pandan w nan inivesite oubyen nan lekol, se yon vre biznis, ap toujou gen konsekans ak risk. Kit Biznis la gwo kit li piti, li enpotan pou w panse a pwoteje l ak yon polis asirans. Donk, fe binis nan lekol nan inivesite kapab yon gwo mwayen pou fe w lajan menm jan ak lew fini wal fe karye nan yon domen kelkonk. Pa bliye fe yon ti kat de vizit, bay chak moun ou ki ka bezwen sèvis oubyen ki ka referew lòt moun.

PS : Atik sa a se yon atik ki te pibliye an anglè. Tradiksyon e adaptasyon pa Junior MOISE
Source: www.entrepreneur.com
Link : http://www.entrepreneur.com/article/254664
Author : Hunter Hoffmann
  Contributor of Entrepreneur.com
  Head of US Communications at Hiscox
Date : January 28, 2016

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *