Konpetans ou bezwen devlope pou fè biznis sou entènèt

Monn nan digital ! Sa vle di prèske tout bagay ki genyen nan monn reyèl la egziste sou entènèt. Nou ka site lekòl, bank, jounal, legliz, òganizasyon ak anpil lòt ankò ki deja sou entènèt. Ou pa ka reyisi si w pa initye w nan itilize teknoloji ak zouti entènèt yo pou w kominike oubyen fè moun konnen biznis ou oswa sèvis ou ofri yo.

Jodia, plis pase tout lòt epòk, moun yo pase anpil tan sou entènèt. Anviwon 3.2 milya swa 42% moun nan monn nan konekte chak jou sou entènèt pou divès rezon, tankou pale ak zanmi ak fanmi, fè rechèch, etidye,  achte, vann, c. Ann Ayiti, gen plis pase 6.000.000 telefòn, pifò se selilè oubyen “smartphone”, e gen 1.500.000 moun ki itilize entènèt, to penetrasyon an se 13%. Anplis de sa, pifò moun ki konekte yo itilize aparèy mobil yo tankou telefòn, tablèt ak lòt kadjèt ki pèmèt yo fè sa. Donk, entènèt reprezante yon mache kote w ka jwenn egzakteman kliyan w ap chèche yo epi rete konekte ak kliyan w genyen deja yo.

Kelkeswa aktivite w, ou ka mete l sou entènèt, men sa mande pou w devlope kèk konpetans nan itilize òdinatè, itilize “smartphonebyen oubyen tablèt, navige sou entènèt ak kòman pou w itilize entènèt ak rezo sosyal yo pou w piblisite pou biznis ou. Ou ka aprann sa yo sou entènèt pa mwayen telefòn ou, tablèt oubyen òdinatè w, sinon ou oblije peye yon moun ki manyen zouti sa yo byen pou fè l pou ou. M garanti w w ap jwenn kliyan e w ap vann plis.

Si w ta renmen devlope konpetans sa yo, ou ka enskri sou kèk sit entènèt pou fòme tèt ou, konsa ak telefòn ou, tablèt ou oubyen òdinatè w, ou ka swiv kou sa yo lakay ou oubyen nenpòt kote. Men kèk sit entènèt m ap sigjere w pou devlope konpetans ou nan domèn mwen sot pale de yo piwo  a:

  • Novasyon Teknik (NIT)Se yon sit ayisyen. Ou ka aprann an fransè ak an kreyòl trè byento. Ou ka peye ak kat kredi ou, Paypal oubyen ak “Mon Cash Digicel”. Klike la pou wè tout kou yo ofri yo Novasyon Teknik. W ap jwenn sètifika aprè fòmasyon an.
  • OpenClassRooms.comSit sa se yon sit fransè, anvan sa yo te rele l “SiteduZero.com”, lidè ann ewòp nan fòmasyon “elearning”. Ou ka aprann anpil bagay sou li. Men lyen an OpenClassRooms.com
  • CommentCaMarche.netSe yon lòt lidè nan zòn ewòp la nan domèn teknoloji. Ou ka aprann anpil bagay sou sit sa nan enfòmatik ak entènèt. Men lyen an CommentCaMarche.net
  • Ou ka ale sou Youtube tou w ap jwenn anpil ” tutoriel” k ap ede w konprann epi devlope kèk konpetans nan domèn sa yo.

Gen anpil lòt platfòm ankò mwen te ka ba ou pou ede w devlope konpetans ou nan tout domèn, men pifò se ann anglè. Si w konprann anglè byen w ap pi byen pwofite de entènèt. M pwomèt nan yon lòt atik m ap ekri m ap fè yon lis konplè ki gen tout platfòm “elearning” yo, sa vle di sit entènèt ki ba w posiblite pou w aprann swa gratis oubyen pou yon ti kòb.

N.B.: Silvouplè pa bliye PATAJE atik sa, epi KÒMANTE l, siw gen kesyon  ou ka poze l. Si w ta renmen toujou okouran de dènye atik yo ABÒNE ak imèl ou sou blòg sa.

Pwochen atik yo:
Koman pou chèche epi jwenn travay sou entènèt?
Koman pou w biznis sou entènèt?
Mete biznis ou sou entènèt pazapa.
Itilize entènèt pou fòme tèt ou.
Byen itilize rezo sosyal yo, facebook, twitter, linkedin, viadeo ak google+.
Kèk pyej pou evite nan itilize entènèt.

A trè byento, Bon siksè!
Junior Moïse

Sous ak referans:
http://www.blogdumoderateur.com/chiffres-internet/
http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/124296/Plus-dun-Haitien-sur-deux-a-un-telephone-portable.html
http://www.journaldunet.com/web-tech/chiffres-internet/haiti/pays-hti

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *